Skip to main content

Radyo Ayiti nan Nouyòk, 23 septanm 1983 (1) Radio Haïti à New York, 23 septembre 1983 (1) Radio Haiti in New York, 23 September 1983 (1)

View
@ Duke University

Dominique, Jean L. (Jean Leopold) Konpè Filo (Pascal, Anthony) Clitandre, Pierre

Description

Emisyon “Radyo Ayiti nan Nouyòk,” avèk Jean Dominique ak Konpè Filo, nan stidyo WNYE, chak vandredi swa soti 8è rive 10 zè. Dominique ak Filo li plizyè anons kominotè pou dyaspora nan zòn Nouyòk la. Dominique li kèk lèt oditè Radyo Ayiti nan Nouyòk voye ba yo. Gen yon ki mande yo bay plis nouvèl sou sityasyon ayisyen k ap eseye degaje nan Nouyòk (moun k ap travay nan faktori, moun k ap fè “babysitting restavèk”). Demen ap fè 20 an depi Martin Luther King Jr. te pale pawòl “I Have a Dream” (“Mwen gen yon rèv”) la, kidonk yo envite Yves Dejean, ki se yon edikatè, vin pale sou travay li konn fè nan domèn alfabetizasyon, ki se yon zak revolisyonè li ye tou. Dejean dekri travay li konn fè pou aprann ayisyen k ap viv nan batèy yo li ak ekri, epi li eksplike poukisa nou dwe gen respè pou granmoun k ap aprann li ak ekri, pou rekonèt se granmoun yo ye ki gen entelijans ak kapasite pa yo, olye nou kenbe men yo kòmsi se timoun piti yo ye. Jean Dominique anonse ke yè nan Pòtoprens, Minis Enfòmasyon Jean-Marie Chanoine anonse pral gen chanjman nan konstitisyon François Duvalier a. Nan New Jersey, gen apeprè 100 ayisyen ki te nan prizon anba rejim Duvalier a. Nan dezyèm pati emisyon an, Filo ansanm avèk Pè Antoine Adrien pral pale avèk kèk ladan yo sou maspinay yo te sibi nan men diktati Duvalier a. Gen plizyè pòz mizikal.“Radio Haiti...
Type:
Sound
Format:
News Magazine
Rights:
https://creativecommons.org/licenses/by-nc-sa/4.0/This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
View Original At:

Record Contributed By

Duke University

Record Harvested From

North Carolina Digital Heritage Center